Genre: Konpa Album: No Stress Year: 2019 Lyrics by: Arly Larivière Poukisa poukisa Poukisa w pa vle renmen m Poukisa poukisa Poukisa w pa tchenbe men m A 6 heures du matin w reveye Pou di m kijan lanmou kriminel Ou enkosolab, pat menm ka pale Rien qu'à t'écouter kè m ap ronger Toujou ap kache sa m éprouver pou wou De peur m pa gacher amitye n Reyalize ke plis mwen ezite Reyalize chans mwen ap diminye Jodia m vle fè w yon aveu Ou souri, ou di m sispann plezante Sa twouble m ke w pa pran m au serieux Ou di tout gaf ou fè mwen imbu de yo Fè w panse w pèdi valè nan zye m Pa genyen moun ki pa gen yon pase Erreur de jeunesse pa dwe andikape n Reyalize se lè w gen volonte Reyalize ou kapab surmonter Nenpòt baraj ou kontre Poukisa poukisa Poukisa w pa vle renmen m Poukisa poukisa Poukisa w pa tchenbe men m Ou toujou ap rakonte m Lavi pa janm fè w kado Nenpòt sa pou posede Se nan batay pou genyen l Mwen paka orfri w lesyèl Mwen pa pwomèt ou richès Sèl garanti m ap ba ou M ap renmen w ak tout sa m genyen Poukisa poukisa Poukisa w pa vle renmen m (por que) Poukisa poukisa Poukisa w pa tchenbe men m (Tanpri di mwen pouki) Poukisa poukisa Poukisa w pa vle renmen m (Ou inyore tout avans mwen yo) Poukisa poukisa Poukisa w pa tchenbe men m Ou toujou ap rakonte m Lavi pa janm fè w kado Ninpòt sa pou posede Se nan batay pou genyen l Mwen paka orfri w lesyèl Mwen pa pwomèt ou richès Sèl garanti m ap ba ou Se ke m ap renmen w ak tout mwenmenm Oh oh oh oh Dadou ti frè m David gran frè m Nou wè mizè mwen Cheri pou ou pagen anyen ki twòp Pare pou m sakrifye m Chemen lanmou genyen zepin Ansanm nou ka eskive yo Depi se pou m ran ou heureuse Anyen pa genyen pri Bonheur ou se priyorite m A wi se l'essentiel Pou eksperyans nou fè Moment de folie n konèt Il n'y a plus rien pou n ap chèche Rès wout la fò n fè l à deux Epi pa okipe w de sa yo ka rankonte Men li papa... wa degaje w Cheri w kite m la ap gaspiye