Wè mwen wè wap pase M santi kè m kase Ou fè mwen rete bouch be Tout kò mwen paralize M eseye pale, meseye bouje Anpil kontròl, avan m rejwen la pawòl Makomè kouman ou ye Di mwen pouki m deregle Pouki chak fwa wap pase Lang mwen lou, m paka pale Jodi a m di fò m vanse Pou nou fè yon ti convèse Ouve zorèy ou souple M gen yon bann ti bwa pou m kase Fè ke nou kontre pou nou ka voyage Fè nanm nou kwaze Fè lanmou san rete Pou tout kò n pran dife Jouk tan solèy leve Jouk tan nou fatige Jouk mwen tombe M tonbe, m tonbe, m tonbe M tonbe, bon tonbe M tonbe, m tonbe tout bon, m tonbe M tonbe, bon tonbe Lò wap gade m manvi rele Lò wap gade m manvi krye Depi je ou tombe lan je m ti chou Ou fè m boulvèse Loloj mwen vire. m pa konn kote m ye Mwen dekontrole manmie M santi m pral tombe M tonbe, m tonbe, m tonbe M tonbe, bon tonbe M tonbe, m tonbe tout bon, m tonbe M tonbe, bon tonbe Fanm sa se bonè mwenan se mirak lan vi mwen Li chita nan kè m tout la jounen Pa janm deplase, wo Fanm sa se bonè m, se mirak lan vi mwen Toujou nan lespri m, tout sa mwen fè, li pa janm Deplase Li anvayi mwen---eh La anvayi mwen-- eh, eh Chak fwa mwen wè l Li fè ko mwen cho, fè san m tounen dlo Li anvayi mwen--eh Li anvayi---mwen- eh, eh Depi m kote l, pye m paka pran tè, mwen santi m anlè Fanm sa se bonè mwenan se mirak lan vi mwen Li chita nan kè m tout la jounen Pa janm deplase, Fanm sa se bonè m, se mirak lan vi mwen Toujou nan lespri m, tout sa mwen fè, li pa janmDeplase Li anvayi mwen--eh Li anvayi---mwen- eh, eh Depi m kote l, pye m paka pran tè, mwen santi m anlè Li anvayi mwen---eh La anvayi mwen-- eh, eh Chak fwa mwen wè l Li fè ko mwen cho, fè san m tounen dlo M tonbe, m tonbe, m tonbe M tonbe, bon tonbe M tonbe, m tonbe tout bon, m tonbe M tonbe, bon tonbe